Nou rive nan denye limit la.
Mwen pa renmen plenyen. Men, mwen panse dwe gen yon ale myeu nan yon kominote kote moun ap viv. Vwa nan yon peyi. Pouki yap maltrete n pou yon kouran? Mwen vreman ta renmen konnen. Kilé nap fini pa konsyan ke nou an aryè nèt. Nou pa pwodui, nou pa gen bon sistè m edikatif, nou pa gen enfrastrikti nou pa gen anyen 🤦♂️
kilè n ap panse pou mas defavorize a?
Mwen fatige tande moun kap di yo regrèt yo ayisyen.
Ou pa k juje yo paske gen yon par de verite nan sa ki pouse yo di sa.
Eske e te pou sa Desalin t goumen an? Pou vi sa!
Oubyen eske e pa pou n te vin konsa kifè yo te touye l la?
Sèl sa m kwè e mwen kwè li je fèmen