Siw vle ou kapab

in #espwa6 years ago

Mwen pa konen yon moun ki te fet ak yon milyon anba bra li oswa ki te fet ak rad sou li, men pou poukisa lot la vin gen anpil riches epiw pa kapab genyen anpil tou....?

Mwen envitew kontinye li pouw kapab we vre rezon ki koz sa, e apati jodya wap komprann e wap konen ki chemen pouw pran pou sa. Apre mwen fin pase 15 lane lekol ap aprann sa sosyete a mandam, epi aplike tout egzijans yo fem yo, map mande eskem sou wout reysit la vre..! Ou menm tout ki chita ap pase klas ak etid, epiw poko kapab gen yon aveni ki asire, kisaw dwe fe, kijanw dwe konpotew.

Mwen konseye, bay tet ou yon objektif epi pa kite pesonn nan mond sa few kwe li pa impotan. Travay chak jou sou konstriksyon saw vle ye demen an.

Mwen asirew chemen an wap kreyel epi wap kapab rive kotew vle a san ke sote. M vlew rete pozitif tout tanw ap viv, souri chak minit menm siw pa kontan sa ap pemet moman tristes yo ale tre lwen ou. Epiw ap kapab kreye yon ond positif kap kapab retounen souw sou fom sikse.

#cryptonewshaiti #steemithaiti #cryptomass #haiti

Upvote, Comment, Resteem

Sort:  

Ou voyé anpil bèl idé ki fènn reflechi.
Pou ou ka rivé nan la vi sa a, fôk ou komanser fè bagay ki positif ke
ou pa renmen.
Fô ou fè moun konen kisawap fè.
Pa montrew egoyis.
Pataje ak lôt epi
montré ke ou vlé bon bagay pou yo..
Entre nou se pa sa non Ayiti ofri.
Pa blye fôk nou fè bagay nou pa alèz avek yo.
Kontinye ekri pa decouragé.

Bon post, se pa manti se kek moun selman paran yo te genyen yo tou leve jwenn riches paran yo te kite, men pifo moun ki gen anpil lajan jodi a yo te komanse ak preske zero dola ou a zero, men se travay di yo fe ki rann yo vin posede anpil riches. èske se yo bagèt majik yo genyen k ap ba yo lajan? m pa kwè sa, m plis kwè se paske yo te gen yon rèv e yo travay pou reyalise rèv sa yo te genyen an; yo te poze aksyon. Tout moun fèt ak kapasite pou yo gen richès, men yo jis pa konnen kisa yo dwe fè pou yo reyisi, oswa genyen ki komanse men ki kanpe nan wout. Si Mark Zukerberg, Bill Gate, Steev Job,Donald Trump... ka riche nou ka riche tou, donk ann lite pou reyaize rèv ou. Mèsi pou post la @lemax.

Bel post patnen , keep going bro

Coin Marketplace

STEEM 0.18
TRX 0.15
JST 0.029
BTC 62837.64
ETH 2542.11
USDT 1.00
SBD 2.65